REZIME SOU LITERATI EKSPRESYON KREYÒL AYISYEN AN (Travay Selauter BEAULIÈRE)

 REZIME SOU LITERATI EKSPRESYON KREYÒL AYISYEN AN (Travay Selauter BEAULIÈRE)

Twa (3) moman fò nan LITERATI KREYÒL AYISYEN

Literati Ayisyen Ekspresyon fransè gen 6 peryòd detèmine, li pran nesans aprè batay ki mennen pou endepandans peyi an. E se diskou ak endepandans lan, Boisrond-tonnerre ekri, ki batize li. 


Men ansanm peryòd literati ayisyen Ekspresyon fransè an:

1- Peryòd pyone ou sedoklasik (1804 - 1836)

2- Lekòl 1836 ou Nesans Womantis ayisyen (1836 - 1860)

3- Lekòl Patriyotik ou Epanuisman Womantis ayisyen an (1860 - 1898)

4- Jenerasyon Lawonn (1898 - 1915)

5- Lekòl Endijenis (1915 - 1946)

6- Epòk Kontanporen (1946 jiska jodi an).


Kout je sou literati Ayisyen Ekspresyon Kreyòl la.

San nou pa bay denominasyon ak peryòd yo, gen 3 moman kle ki make literati kreyòl ayisyen an : 

1- PERYÒD PYONYE LITERATI KREYÒL AYISYEN AN (Senp apelasyon)

Toudabò, se tèks CHOUCOUNE oubyen Pitit Pierre, Oswald Durand te ekri, 1883, ki pibliye an 1884, ki make premye peryòd sila. Men avan Durand, premye moun ki ekri an kreyòl, nan kesyon literati, se Juste Chanlatte, nan "L'ENTRÉE DU ROI DANS SA CAPITALE (1818)", se yon tèks ki an Fransè, ki gen anpil kreyòl ladan. 

Men moun ki jwenn plis atansyon, kòm pyonye nan literati kreyòl la, se Durand pou CHOUCOUNE. Fòk nou presize tou, Durand pa t ekri sèlman, Choucoune, li te ekri plizyè lòt tèks an kreyòl, nan jounal "L'OEIL" ak "LES BIGAILLES", espesyalman, nan kòmansman 20tyèm syèk la.

N ap presize Choucoune, te vin selèb an 1893, gras ak Michel Mauléard Monton, ki te mete l an mizik. 

N ap di tou " Cric ? Crac ! Fables de La Fontaine, racontées par un montagnard haïtien et transcrites en vers créole", tèks Georges Sylvain, yon tradiksyon kreyòl yon ansanm fab, Lafontaine, make premye moman fò nan literati kreyòl la nan lane 1901.

Aprè sa, nou pral jwenn yon latriye Ekriven, ki foure nan tèks fransè yo, anpil kreyòl, sitou nan dimansyon dyalòg pèsonaj yo, tankou "La famille des pitites cailles" (1905) ak "Zoune chez sa nainnaine" (1906), Justin Lhérisson (inisiyatè lodyans). 

E youn nan liv ki make peryòd sa tou, se "Gouverneurs de la rosée" (1944), Jacques Roumain. Jiskela, nou pa jwenn okenn liv tipikman pibliye an kreyòl.

2- Dezyèm tan fò literati kreyòl ayisyen (1883 - 1965)

Se ekriven, Félix Morisseau-Leroy, ki make peryòd sa, ak yon liv ki te 13 powèm ladan, li te titre l "Diacoute", se premye zèv tipikman kreyòl. Li te pibliye an 1953. E nan menm ane an, li te tradui tou an kreyòl ayisyen tèks"ANTIGONE", lan ki, kote li adapte l ak reyalite riral ayisyen an. 

Aprè piblikasyon DIACOUTE, an 1953, sòti nan peryòd 1954 a 1958, listwa literè ayisyen an montre gen plis pase yon ventèn powèm ki pibliye an kreyòl ak Emile Roumer, Franck Fouché, Georges Castera, Paul Laraque, Milo Rigaud, Jacques Lenoir, Jean-Claude Garoute (dit Tiga), Jacqueline Scott, elt...

Fòk nou di se nan peryòd sila tou, pral parèt MOUVMAN KREYÒL AYISYEN / SOSYETE KOUKOUY (desanm 1965), ki kòmanse ak koze mouvman literè Kreyòl nan listwa literati ayisyen an.


3- Twazyèm moman fò literati kreyòl ayisyen an (1965 a jodi an)

Plizyè zèv make Peryòd avan, te gentan genyen Carrié Paultre ki te pibliye an 1965, "TI JAK", yon woman tipikman an kreyòl, ki se premye woman nan lang kreyòl la. Aprè Emile Célestin Megie ak Franketyèn se 2 ekriven ki make Twazyèm moman fò sa ak prezantasyon zèv yo. 

Nan lanne 1976, nou jwenn Georges Castera ki pibliye yon ansanm powèm sou "KONBÈLANN", yon ti tan aprè, nou pral gen labib an kreyòl.

Sòti peryòd sa yo ak jounen jodi an, nou jwenn yon latriye Ekriven ki ekri an kreyòl.... 

Nou ka konstate, atravè listwa gen yon ansanm travay ki fèt nan kad pwomosyon literati kreyòl yisyen an. E se yon travay ki dwe kontinye atravè etid zèv yo...


Selauter BEAULIÈRE, Anseyan kreyòl 


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

ÉCOLE DE DROIT DE JÉRÉMIE : INTÉGRATION DE LA PROMOTION D'ÉMILE SAINT-LOT

VINGTAINE DE L'HAÏTIANITÉ AU TOUR DU THÈME : 20 JOURS DE NOTRE HAITIANITE FACE AUX 110 ANS DE DOMINATION AMERICAINE